Friday, October 2, 2015

Sitiyasyon UEH la

Madi 29 sektanm 2015 lan, mwen tonbe pa aza konsa sou emisyon KAMERA JOUDA sou RTVC epi bridsoukou,  mwen wè yon bann "etidyan" ki kraze yon DEBA lide ak Misye Sauveur Pierre Etienne, Kandida pou pòs Preyidan, nan voye kout chèz pasipala. W a di se yon bann zèfèyis san fwa ni lwa ki lage nan yon savann ak bèt sovaj.

Ala de wont mesye. Konmsi la pou deba pa ka fèt nan espas Inivèsitè ankò? Se nan eta salami sous pyant sya yon seri Zago loray ki pote non etidyan vle lage UEH? Kote vye konpòtman malandren, avadra san sal yo sòti mesye? Kot respè a ?

Si sa m sot wè la yo se "etidyan" vrèman - m
pa konn ki Fakilte - , m konprann poukisa anpil paran pito al pran ponya pou voye ti moun ale nan Inivèsite Sen Domeng olye yo lage yo nan ranstay sya. Gad on bann ranyon pisannit mesye!!! M sezi wi.

Toupatou sou latè beni, Inivèsite se yon espas kote se SÈVO k ap voye kout pwen yonn sou lòt ak bon jan agiman di pase bwa gayak. Pa dwe gen kout pwen, kout katchapika, antre nan manman nan yon deba k ap fèt anndan yon fakilte. INIVÈSITE PA GADJÈ!!!

Sa a se bagay malandren fouk sal, sèvèl kraze marinad dòmi, lespri afriba ak ti valiz sou do chaje bisuit leta nan plas liv k ap pran pòz etidyan pou vòlò bèy moun nan lari a.

Kèlkilanswa chalè ki te monte nan deba a, se pa kout chèz ki dwe mete otan. Se PAWÒL. LIDE. AGIMAN. Se sa ki dwe fèt anndan INIVÈSITE.

Mwen fini gade imaj la, m anvi VOMI. Lè y ap gad tèt yo, yo pa wont mesye? Amwenske se yon ma labou ki nan plas nen yo. Yo pa moun!

Konpòtman simaye kout chèz sou Sauveur Pierre Etienne, nan yon deba lide, se aksyon moun lach ki ka itilize sèlman zam vyolans pou fè lide l pase.

Ou ka gen pwoblèm ideyolojik ak Sauveur Pierre Etienne men ou dwe respekte pakou l antanke entèlektyèl ki bat nay pou l aprann epi pou l rive kote l ye a. Misye Etienne fòme plizyè jenerasyon etidyan nan FASCH, mwen pami yo.

Mwen se ansyen etidyan nan FASCH. Se la m aprann fè DEBA ki chita sou AGIMAN. Nou pat konn rale kouto, zam fann fwa oswa katchapika lè nou nan gwo diskisyon. Se moun ak AGIMAN ki pi solid la ki konn ganyen. M pa konprann bèy voye kout chèz sya mwen menm nan.

Bèy yo rele INIVÈSITE LETA a detripe nèt.

Mwen WONT pou nou mesye...

                                                                                                 Suiv Mwen Sou Twitter -->> @djecee